REZO PAMREZO PAMBroadcastingWatch Live

Sebastien Migné pare pou Brezil

Koupe dimond 2026: “Nou pa gen anyen pou n pèdi, se tout pou n ganyen” – Sebastien Migné pare pou Brezil

 

Apre 52 ane tann, rèv la tounen yon reyalite. Seleksyon Nasyonal Ayisyen an pare pou li  e lap jwe nan pi gwo konpetisyon foutbòl sou planèt la: Coupe du Monde FIFA 2026. Men, premye gwo defi ki kanpe devan Grenadye nou yo pa lòt pase jeyan sid-ameriken an, Brezil.

 

Nan yon konferans pou laprès ki bay anpil pale, antrenè seleksyon an, Sebastien Migné, montre li detèmine e li voye yon mesaj fò bay jwè li yo ak tout pèp ayisyen an.

 

“Sou yon sèl match, tout bagay posib”

 

Jan nou ka wè sa nan imaj  ki soti nan yon piblikasyon Jean Pierre Etienne, Migné pa nan pale anpil sou repitasyon advèsè sila. Pou li menm, foutbòl se sou teren li jwe:

 

“Sur un match tout est possible. J’essaie de faire comprendre aux joueurs que nous n’avons rien à perdre, on a tout à gagner. On a la chance d’être à la Coupe du Monde. Cela fait 52 ans qu’on n’a pas été” – Sebastien Migné .

 

 

 

Deklarasyon sa a montre klèman eta daprè teknik franse a vle enstale nan tèt Grenadye yo. Li konnen byen istwa a lou, epi presyon an sou do Brezil ki obligatwa pou genyen. Pou Ayiti, chak minit sou teren sa a se yon chans pou ekri yon nouvèl paj nan istwa foutbòl peyi a.

Radio
Now playing